top of page

KPT a Rete Djougan Anfas Entèdiksyon Etazini ak Kanda ki opoze ak Desizyon Revokasyon Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé.

Jodi vandredi 23 janvye 2026 lan, Konseye Prezidan Leslie Voltaire ansanm ak Edgard Leblanc Fils te anime yon konferans pou laprès, nan Viladakèy pou fè pwen sou sitiyasyon politik peyi a ak fason Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an ap jere dènye jou manda li, ki gen pou bout nan dat 7 fevriye k ap vini la. Nan diskou li a, Leslie Voltaire rekonèt malgre jefò KPT a pou soutni travay gouvènman an, atant popilasyon an pa rive satisfè jan sa t a dwe fèt. Se nan kontèks sa  Konsèy la pran desizyon pou revoke Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, epi chwazi yon lòt Premye minis ki sòti nan menm gouvènman an, pou asire enterimè a pandan y ap chèche pi bon fòmil pou jere peryòd tranzisyon politik la, apre depa KPT a.


Yon lòt bò, Konseye Prezidan Edgard Leblanc Fils fè konnen chanjman Premye minis lan vize pèmèt travay ki rete pou KPT a reyalize nan ti tan li genyen an fèt pi byen. Li anonse nouvo Chèf gouvènman an t a dwe rete nan fonksyon an pandan 30 jou, nan objektif pou fasilite tranzisyon politik la.


Pandan konferans lan, Konseye Prezidan yo te reponn kesyon jounalis yo, tout pandan yo raple kominote entènasyonal la li pa gen pouvwa pou dikte desizyon ki dwe pran an Ayiti, nan ajoute se Ayisyen ki dwe pran rezolisyon pou Ayisyen, nan lide pou retabli estabilite nan peyi a.

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page