top of page

Seremoni òdinasyon pastè Alita Polydor.

Nan yon kontèks kote, dapre anpil entèpretasyon nan milye kretyen an, ministè fanm yo dwe limite, kote fanm yo pa souvan gen aksè ak fonksyon direktiv oswa desizyonèl yo andidan legliz, Pastè Alita Polydor sèvi kòm yon modèl enspiran ki montre, nan dènye lane sa yo, plizyè kominote nan milye kretyen an tanmen kraze baryè sila yo. Chak jou pi plis, fanm yo andidan legliz, pa sispann pran angajman yo nan ministè, nan reponn ak apèl Bondye nan lavi yo. Nan atik sila, nou pral dekouvri plis detay sou pakou pastè sila ak bon travay l ap fè nan kominote a.


Pastè Alita Polydor
Pastè Alita Polydor

Biyografi Enspiran Pastè Alita Polydor

Alita Polydor fèt nan dat 29 Jiyè nan Freeport, Bahamas. Nan lane 1990, li t a pral vwayaje Ozetazini, kote li t ap pral bout ak etid segondè li nan Fort Lauderdale High School. Li te marye ak defen mari li, Esteve Polydor, ansanm, yo te fonde yon fanmi solid, kote yo te devlope yon ministè adorasyon aktif, rive pwodui de (2) albòm, epi sèvi atravè Broward County.


Apre lanmò mari li, an 2003, Alita pa t abandone misyon li, ni neglije responsablite li. Okontrè, li te kontinye okipe senk (5) pitit li yo, soutni ministè a, epi òganize konsè adorasyon chak ane, yon demach ki temwaye responsablite l, rezilyans ak angajman l anvè Bondye.


Malgre tout responsablite li kòm manman, sa pa t anpeche l pousuiv fòmasyon akademik li, kote li te soti ak yon Associate Degree nan Diagnostic Vascular Sonography nan Keiser University. An 2020, li te reponn klèman ak apèl Bondye pou etid teyolojik li kote an 2023, li te rive gradye nan New Orleans Baptist Theological Seminary ak yon Bachelor Degree.


Yon ministè ki santre sou rekonstriksyon familyal

Pandan peryòd fòmasyon li, Alita Polydor te fonde “Ministè Fanm Yo”, yon estrikti ki vize ankouraje fanm, ranfòse fanmi yo, epi bay sipò espirityèl ak emosyonèl. Jodi a, li kontinye dedye lavi li nan sèvis Bondye, pandan l ap pousuiv yon metriz nan edikasyon, epi lanse Ministè Fanmi Kris Restorasyon / The Family of Christ Restoration Ministry, yon ministè ki mete restorasyon fanmi yo nan kè misyon li.



Yon lidèchip  ki chita sou adorasyon ak Apèl Bondye

Kòmanse nan ministè adorasyon rive nan ministè pastoral, pastè Alita toujou konsidere sèvis Bondye kòm yon privilèj. Daprè temwayaj li, chak opòtinite pou sèvi se yon mwayen pou rapwoche l plis nan volonte Bondye. Pandan estaj pastoral li, yon rankont sanzatann ak yon moun li pa t konnen t a pral vin konfime l apèl Bondye nan lavi li, yon apèl li konfime tou, li te jwenn nan koneksyon l ak Bondye. Malgre ezitasyon ak baryè sosyal  ki souvan anpeche fanm antre nan ministè pastoral, sipò moun li te rankontre sou wout la te pouse l antre nan etid teyoloji ak asime apèl li.


Angajman sosyal li sitou an Ayiti.

Menm si l pa fèt an Ayiti, pastè Alita Polydor devlope yon chay lanmou pou pèp ayisyen an. Angajman sa a mennen li fonde Haiti Matters Inc. an 2005. Atravè òganizasyon sa a, li te mennen misyon imanitè an Ayiti, nan Repiblik Dominikèn ak nan Karayib la, nan pote bon jan èd imanitè  epi pataje Pawòl Bondye a, espesyalman nan moman katastwòf natirèl yo. Mete sou sa, nan lane 2010, apre tranblemann tè 12 Janvye a, li te antre an Ayiti ak ekip li pou soutni fanmi viktim yo, yon jès ki make angajman li anvè sosyete ayisyèn nan.

(Plis enfòmasyon : www.haitimatters.org)


Misyon imanitè an Ayiti
Misyon imanitè an Ayiti


Defi, motivasyon ak modèl enspirasyon

Pou Pastè sila, defi yo pa t janm vin yon obstak reyèl nan misyon li. Li souvan site Lamantasyon 3:26 kòm pasaj biblik ki soutni lafwa li. Mesaj li klè, espesyalman pou fanm ki pè reponn ak apèl Bondye : konnen misyon Bondye ba yo, epi suiv li san yo pa kite jijman sosyal frennen yo.

Nan modèl enspirasyon li yo, li site Debora, fanm jij nan Bib la. Li jwenn tou anpil sipò nan manman espirityèl li, Pastè Marie C. Desir Forges , ki gen plis pase 22 lane ap mache avè l, e ki se yon referans pastoral nan lavi li.


Yon òdinasyon ki make yon nouvo chapit nan lavi Pastè Alita

Se Vandredi 2 janvye 2026, nan kòmansman yon nouvo ane, pastè Alita Polydor te franchi yon etap desizif nan lavi espirityèl li avèk seremoni òdinasyon pastoral li, yon moman ki make responsablite li kòm bèje nan twoupo Bondye a. Seremoni an te dewoule dapre yon pwogramasyon estriktire, avèk lapriyè, adorasyon, lekti biblik, predikasyon, ak konsekrasyon.


Seremoni òdinasyon pastè Alita Polydor
Seremoni òdinasyon pastè Alita Polydor

Yon ministè ki marande ak yon vizyon klè

Ministè Fanmi Kris Restorasyon reyini chak vandredi a 7è nan lannuit, sou Facebook, epi chak premye vandredi nan mwa a, an prezansyèl nan lokal li ki chita nan 7557 West Oakland Park Blvd, Lauderhill, FL 33319. Misyon ministè a se retabli lavi moun ak fanmi yo atravè pouvwa transfòmasyon Jezi Kris la, ak yon vizyon ki vize bati yon fanmi kretyen solid, angaje nan lanmou, lapriyè, sentete, ak travay Lespri Sen an. Valè fondamantal yo chita sou entegrite biblik, lavi ki santre sou Kris, ak angajman pou pote libète, restorasyon ak plenitid lavi nan kominote yo.


Redaksyon:

Ronalson Blanfort



Konsepsyon Grafik:

Jo-Flung Bouzy & Abdullah Mode


1 commentaire

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
Julye Pierre-Louis
il y a 4 jours
Noté 5 étoiles sur 5.

J'aime
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page