top of page

Ansyen prezidan RDC Joseph Kabila kondane Ak Yon pèn Lanmò.

Lajistis kongo­lez frape fò jodi madi 30 septanm sa a, kont ansyen prezidan Repiblik Demokratik Kongo (RDC), Joseph Kabila. Dapre vèdik Gran Kou Militè Kinshasa, Kabila, ki te sou pouvwa ant 2001 ak 2019, kondane anba lanmò pou krim lagè, trayizon nasyonal, ak patisipasyon nan kreyasyon yon mouvman.


Dapre akizasyon yo, ansyen chèf Leta a t a patisipe nan fondasyon Alliance Fleuve Congo (AFC), ki se bra politik gwoup rebèl M23 a. Gwoup sa a, yo akize kòmkwa k ap resevwa sipò Rwanda, te ogmante ofansiv li depi kòmansman ane 2025 lan. Li te pran kontwòl Goma nan mwa janvye, epi Bukavu nan mwa fevriye. Anplis kondanasyon sila, lajistis egzije Kabila peye plis pase 33 milya dola kòm domaj ak enterè pou Leta kongolè ak viktim yo.


Vèdik sa a te prevwa pou 12 septanm, men li te ranvwaye. Dènye odisyon an te fèt san temwen, anvan jij yo pase apeprè kat (4) èdtan ap delibere. Pandanstan, Joseph Kabila ap viv an egzil depi plis pase de (2) lane, byen lwen peyi natal li.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page