top of page

Twa san jèn antre nan FAD’H pou resevwa fòmasyon militè espesyalize.

Nan kad yon estrateji sekiritè nasyonal , otorite yo anonse entegrasyon anviwon twa san (300) jèn nan  Fòs Lame Ayiti (FAD’H) jodi a. Nouvo rekritman sa a gen pou objektif ranfòse kapasite operasyonèl lame a nan konba kont gang ame yo ak ensekirite k ap ravaje popilasyon an.


Otorizite yo fè konnen operasyon sa a antre nan yon lojik ranfòsman lame a, avèk volonte pou mete Ayiti sou pye yon fòs militè ki pi solid, byen fòme, epi ki kapab aji sou tout teritwa a. Menm jan ak sa ki te fèt an me 2025, kote plis pase 250 jèn te entegre FAD’H nan Klèsin, avan yo te chwazi 150 nan yo pou al suiv fòmasyon espesyalize aletranje, nouvo pwomosyon sa a parèt kòm yon kontinite nan politik rekritman entansif ki lanse depi kèk mwa.


Sepandan, espesyalis nan domèn sekirite raple yon senp ogmantasyon nan kantite pa sifi. Yo ensiste sou nesesite pou akonpanye rekritman sa yo ak yon fòmasyon sevè, bon ekipman, ansanm ak yon bon ankadreman pwofesyonèl. Daprè yo, se sèl fason pou nouvo jenerasyon sòlda sa yo ka reyisi nan operasyon konplèks, espesyalman nan zòn iben yo, nan konba antigang, epi nan relasyon ak popilasyon sivil la.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page