Inyon Ewopeyèn ak Ayiti siyen yon akò 9 milyon ero pou ranfòse Ladwàn.
- konektem info
- 20 mai
- 1 min de lecture
Yon nouvo etap franchi nan efò pou modènize administrasyon piblik an Ayiti. Ministè Ekonomi ak Finans (MEF) ak Inyon Ewopeyèn (UE) siyen, madi 20 me 2025, yon akò finansman ki monte a nèf (9) milyon ero pou soutni Administrasyon Jeneral Ladwàn (AGD).
Se minis Alfred Fils Métellus ki te reprezante gouvènman ayisyen, pandan anbasadè Stefano Gatto te chita kòm reprezantan ofisyèl Inyon Ewopeyèn nan. Objektif prensipal finansman sa a se amelyore kapasite teknik ak operasyonèl AGD, yon enstitisyon kle nan koleksyon resèt fiskal peyi a.
Nan deklarasyon li, minis Métellus mete aksan sou wòl estratejik AGD nan estabilite ekonomik Ayiti. Li fè konnen akò sa a pral pèmèt ladwàn lan amelyore sistèm kontwòl li yo, konbat pi efikasman kontrebann, epi bay pi bon sèvis pou fasilite komès.
Pou pati pa li, anbasadè Stefano Gatto soulinye angajman Inyon Ewopeyèn pou akonpaye Ayiti nan ranfòsman kapasite enstitisyonèl li yo. “Bon gouvènans ak transparans se poto mitan devlopman dirab. Se sa ki fè nou kontinye mete resous ak konfyans nou nan refòm ki fèt ann Ayiti”.
AGD deja montre siy pwogrè. Nan dènye mwa desanm 2024 la, li te depase 13 milya goud nan resèt ladwàn yon rekò istorik, malgre difikilte ekonomik ak rediksyon nan nivo enpòtasyon.
Ak finansman sa a, Inyon Ewopeyèn espere pouse plis refòm ak modènizasyon nan sektè ladwàn lan, epi mete Ayiti sou pi bon chemen pou jere resous piblik li yo.
Comments