Ayiti siyen yon akò nan OMS pou prevansyon ak jesyon pandemi yo.
- konektem info
- 22 mai
- 2 min de lecture
Ayiti mete vwa li ansanm ak lòt peyi manm Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) yo, nan yon vot istorik ki fèt mèkredi 21 me 2025 pou adopte yon nouvo akò entènasyonal sou pandemi yo. Desizyon sa a pran nan kad 77yèm Asanble Mondyal Lasante a, k ap dewoule nan vil Genève, e li make yon angajman solid peyi a pou pi byen prepare l pou kriz sanitè k ap vini yo.
Akò sa a, ki se rezilta plis pase twa lane negosyasyon (depi 2021), vize mete sou pye pi bon mwayen pou prevansyon, deteksyon ak repons rapid fas a pandemi. Li mete aksan sou pataj patojèn (mikwòb ki bay maladi), sou echanj enfòmasyon ak teknoloji medikal, epi sou aksè ekitab a vaksen ak tretman atravè lemond.
Daprè Direktè Jeneral OMS lan, Doktè Tedros Adhanom Ghebreyesus, sa se yon “pwen vire istorik” pou sante piblik mondyal. Li deklare akò a montre kapasite peyi yo genyen pou mete tèt yo ansanm kont danje ki pa gen fwontyè.
Pami objektif prensipal akò a, genyen entansyon pou ogmante kapasite sistèm sante yo, soutni peyi ki pi vilnerab yo, epi kreye pi bon mwayen pou kòdinasyon ant nasyon yo pandan kriz mondyal.
Pou Ayiti, ki deja fè fas a plizyè defi sanitè ak estriktirèl, patisipasyon nan akò sa a montre volonte li genyen pou amelyore sistèm sante nasyonal la epi jwe wòl li kòm patnè aktif nan efò mondyal pou sekirite sante.
Apre vot sa a, chak peyi gen pou ratifye akò a lakay li atravè mekanis legal pa yo. OMS prevwa aplikasyon ofisyèl dokiman an ap kòmanse ane 2026, apre finalizasyon tout detay teknik ak ratifikasyon nasyonal.
Comments