top of page

Konseye Prezidan Laurent Saint-Cyr Reyafime Angajman Leta nan Sipòte FAD'H.

Jodi Lendi 26 janvye 2026 la, Prezidan Konsèy Prezidensyèl Transisyon an,  Laurent Saint-Cyr, ansanm ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ak Minis Defans lan, Jean Michel Moïse, te ale nan gran katye jeneral fòs lame peyi a, nan kad yon vizit ofisyèl ki te fèt.


Vizit sa a te gen pou objektif pou reyafime angajman leta, nan bay Fòs lame peyi a, tout sipò posib, sitou nan kad gwo travay an kolaborasyon ak Polis Nasyonal, y ap fè pou konbat gang kriminèl yo. Pandan rankont sila, Prezidan an te salye pwofesyonalis, disiplin, ak sans devwa sòlda yo, ki gen yon wòl esansyèl nan estabilite peyi a, pwoteksyon enfrastrikti yo, ak sipò pou enstitisyon leta yo.


Pandan vizit la, li te ensiste sou enpòtans yon netralite bò kote fòs lame a, yon kondisyon ki esansyèl pou retabli konfyans pèp la ak kredibilite entènasyonal la nan enstitisyon militè sila. Pou bout ak diskou l la, Prezidan Saint-Cyr eksprime konfyans li nan pwofesyonalis ak disiplin kòmandman antèt la, pandan li reyafime sipò total leta pou Fòs lame peyi a, nan kad misyon sekirite nasyonal yo. Li te ankouraje jefò yo pou retabli sekirite dirab, sa ki enpòtan pou òganize eleksyon ki kredib ak pou amelyore byennèt pèp ayisyen an.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page