top of page

Etazini Sanksyone Antonio Chéramy ak Arnel Bélizaire.

Depatman Deta ameriken anonse sanksyon kont de figi politik ayisyen : ansyen senatè Antonio Chéramy ak ansyen depite Arnel Bélizaire. Se Christopher Landau, sekretè adjwen nan diplomasi ameriken an, ki rann desizyon sa piblik, pandan li mete aksan sou enplikasyon yo t a genyen nan aksyon pou dechèpiye estabilite peyi a.


Daprè Washington, gen “enfòmasyon kredib” ki lye de (2) ansyen palmantè sa yo ak agravasyon kriz sekirite a, k ap ravaje Ayiti. Sanksyon yo gen ladan yo jèl sou tout byen yo ka posede Ozetazini, entèdiksyon vwayaj sou teritwa ameriken, epi lòt mezi entènasyonal kapab vin ajoute sou lis la.


Anons sa a rive nan yon moman kote peyi a ap fè fas ak ogmantasyon vyolans ame ak gwo difikilte Lapolis genyen pou retabli sekirite. Plizyè obsèvatè wè demach Etazini an kòm yon siyal fò sou volonte diplomasi ameriken pou frape sou tout aktè ki t a jwe wòl nan enstabilite politik peyi a.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page