top of page

Avyon Militè Ameriken Frape yon Bato Dwòg toupre Kòt Repiblik Dominikèn.

Ayè Dimanch 21 septanm 2025, Otorite dominikèn yo konfime, yon avyon militè ameriken  lanse yon frap ayeryen sou yon bato ki te sispèk ap transpòte dwòg sou lanmè, toupre kòt yo.


Daprè Carlos Devers, pòtpawòl Direksyon Nasyonal pou Lit Kont Dwòg (DNCD), operasyon an te vize yon gwo tèt nako-trafikan ki t ap transpòte anviwon 1 000 kilogram kokayin. Frap sa fèt apeprè 80 mil maren nan sid zile Beata. Gras ak kòdinasyon ant fòs dominikèn yo ak patnè ameriken yo, yon pati nan chajman an te rive sezi.


Pòtpawòl anbasad ameriken an, nan Sen Domeng, presize bato a t ap itilize youn nan koulwa trafik dwòg ki pi renome nan rejyon an. Otorite lokal yo salye sa yo rele yon “operasyon ekzanplè” nan kad koperasyon ant de peyi yo.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page