top of page

Emmanuel Vertilaire rankontre COMADH sou kesyon inegalite nan sistèm jidisyè a.

Konseye Prezidan Emmanuel Vertilaire, ki responsab Chantye Jistis nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, te rankontre madi 26 dawout la ak yon delegasyon Kolektif Majistra débout Ayiti (COMADH).


Delegasyon sa a te fòme ak plizyè majistra, pami yo : Me Carl Giovanni Aubourg, Me Wilbert Jean François, Me Jean Juner Zamy, Me Rooscler Occéan ak Me Jumel Gédéon. Rankont sila te fèt pou diskite sou diskriminasyon ak inegalite majistra (débout) yo kontinye sibi nan sistèm jidisyè ayisyen an.


Reprezantan COMADH yo denonse sis (6) ane inegalite salè ak estati konpare ak majistra (assis) yo, ansanm ak move kondisyon travay ki egziste nan plizyè jiridiksyon nan peyi a. Yo fè konnen sitiyasyon sa yo pa sèlman afekte diyite majistra yo, men li mete an danje fonksyònman nòmal sistèm jistis la.


Nan repons li, Emmanuel Vertilaire rekonèt lejitimite revandikasyon yo epi li anonse ouvèti demach ak otorite ki konsène yo. Li soulinye yon re-ekilib ap fèt nan yon fason pwogresif, pou amelyore tretman ak kondisyon majistra (débout) yo nan sistèm lan.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page