top of page

Dezyèm kowòt PAEF la lanse pou sipòte fanm antreprenè nan plizyè sektè.

Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm (MCFDF) anonse ouvèti dezyèm kowòt Pwogram Sipò pou Entreprenarya Fanm (PAEF), yon inisyativ ki soti nan Ministè Komès ak Endistri (MCI). Pwogram nan vize bay sipò teknik ak finansye pou antrepriz ki dirije pa fanm ak pwojè inovatif k ap jenere revni, pou ranfòse otonomizasyon ekonomik fanm nan tout peyi a.


Fanm ki ka patisipe:

• Dirijan biznis ki egziste deja;

• Fanm ki pote pwojè inovatif k ap jenere revni;

• Fanm ki angaje nan pwosesis ekspansyon oswa modènizasyon biznis yo;

• Biznis ki fizikman enstale nan peyi a;

• Fanm ki pa benefisye kounye a de yon lòt pwojè MCI.


Sektè priyoritè:

• Agrikilti, elvaj ak pwason, endistri pwodiksyon ak transfòmasyon, fabrikasyon, atizana, resiklaj (transfòmasyon dechè), touris, teknoloji, lojistik, ansanm ak nenpòt lòt sektè ki konsidere kòm enpòtan.


Peryòd ak fason depo dosye:

Dosye yo ap aksepte soti 27 rive 30 janvye 2026, epi yo dwe soumèt eksklizivman sou entènèt, atravè sit MCI: www.mci.gouv.ht/paef. Plan biznis yo disponib sou sit la tou.


Ministè ankouraje tout fanm antreprenè ki kalifye nan tout peyi a pou pwofite opòtinite sa a, ki fè pati efò gouvènman an pou ankouraje lidèchip ekonomik fanm ak egalite chans.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page