top of page

Depite Ameriken Mande Administrasyon Trump Revize Desizyon sou TPS pou Ayiti.

Yon gwoup 10 depite ameriken voye yon lèt bay  Prezidan Donald Trump ak responsab Depatman Sekirite Enteryè a (DHS) pou mande yo retounen TPS (Temporary Protected Status) pou Ayiti. Nan lèt yo voye mèkredi 26 fevriye 2025 lan, yo kritike desizyon administrasyon Trump lan ki deside mete fen nan estati tanporè sa a, e yo di sa montre  neglijans yo fas ak bezwen imanitè pèp Ayisyen an.


Depite yo mete aksan sou enstabilite ekonomik, vyolans gang ak gwo katastwòf natirèl ki kontinye boulvèse lavi Ayisyen yo. Daprè yo, desizyon pou voye resòtisan Ayisyen yo tounen nan yon peyi kote sekirite ak byennèt yo menase se pa sèlman yon enjistis, men tou, yon mank respe pou obligasyon moral Etazini genyen pou pwoteje moun ki nan bezwen. Yo souliye tou pa gen okenn prèv solid ki jistifye desizyon administrasyon Trump lan.


Pami depite ki siyen lèt la, gen Sheila Cherfilus-McCormick, yon Ayisyano-Ameriken ki defann dwa imigran Ayisyen yo.

Gwoup palmantè sa yo di y ap tann ak enpasyans yon repons klè sou revokasyon desizyon sa a epi rekòmanse TPS la pou Ayisyen k ap viv Ozetazini.

Comentarios

Obtuvo 0 de 5 estrellas.
Aún no hay calificaciones

Agrega una calificación
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page