top of page

Yon Komisyon Enstale pou Reyòganize TNH.

Yon nouvo pa franchi nan refòm Televizyon Nasyonal Dayiti (TNH). Lendi 24 fevriye 2025 lan, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ak gouvènman an enstale ofisyèlman komisyon ki responsab restriktirasyon medya leta a. Seremoni an te fèt nan "Villa d’Accueil" an prezans Leslie Voltaire, prezidan KPT a, Alix Didier Fils-Aimé, chèf gouvènman an, ak lòt pèsonalite.


Komisyon an gen senk (5) manm epi li gen pou misyon evalye sitiyasyon TNH epi pwopoze solisyon pou reyòganize l. Sandra Duvivier ap dirije komisyon an ak sipò Jean Mary Simon, Gédéon Junior, Augustin Chenald ak Patrick Saint-Pré. Leslie Voltaire remèt chak manm lèt nominasyon yo, sa ki ofisyalize manda 6 mwa yo.


« Komisyon sa a reprezante yon etap enpòtan pou TNH reprann plas li kòm yon medya piblik k ap sèvi popilasyon an », dapre chèf gouvènman an, ki mete aksan sou nesesite modènize chanèl la fas ak defi aktyèl yo. Rapò final komisyon an t a dwe pèmèt yo idantifye refòm ki nesesè pou TNH reponn pi byen ak atant sitwayen yo.

 
 
 

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page