Merood Pharell, Yon timoun 11 lane tonbe anba bal bandi nan Gresye.
- konektem info
- 25 févr.
- 1 min de lecture
Nan tout peyi nan monn nan ki gen gè, lavi ti bebe, timoun ak fanm ki sitou ansent toujou prezève kont atak yo. Men pandan dènye jou sa yo, an Ayiti, nou kapab konstate jan lavi moun an jeneral pa vo anyen douvan asayan isit, kote lè se pa lopital k ap atake, etidyan ak elèv k ap pran bal andedan klas yo, eben se timoun wòwòt bandi isit ap sakrifye lavi yo.
Pou ajoute sou lis krim bandi isit yo, yon timoun 11 lane rive tonbe anba bal. Malgre yo te kouri lopital avè l, Merood Pharell rive rann dènye souf li, aprè li fin resevwa yon bal, dapre sa tonton l enfòme. Plizyè rezidan nan komin Gresye, pa sispann fè gwo kri dezespwa pandan bandi yo ap pwogrese chak jou pi plis, epi pran plis teritwa.
Nan moman sa menm, yo deja rive nan zòn Flon, ki twouve l nan komin Leyogàn. Kote depi Ayè lendi 24 fevriye a, Lapolis pa sispann twoke kòn avèk bandi kriminèl sila yo, epi tante repouse yo. Mete sou sa, daprè yon rezidan ki nan zòn sila a, t a sanble gen plizyè bandi ki t a tonbe pandan afwontman sila a.
Comments