top of page

Chèf Leen Excellent pèdi kont TikTok li apre Yon Videyo l fè kote yo Jije l pa Rekonesan.

Depi ayè vendredi 25 mas la, nan lapremidi, kominote k ap suiv Chèf Leen Excellent nan kapab konstate gwo diskisyon ki genyen anba yon videyo l, kote anpil moun te eksprime kòlè yo, kòmkwa yo jije l manke rekonesan. Rapid vit, nan pa twò lontan, kont li a rive bani sou tiktòk, sa ki anpeche moun gen aksè ak kontni li yo. Aksyon sila rive fèt Apre li te fin reyalize yon gwo eksplwa nan peyi Lafrans, kote li pase anviwon 9 jou ap fè manje san kanpe.


Anpil Ayisyen sou TikTok ak lòt platfòm yo te fache paske yo estime Chèf Leen pa t site non sèten enfliyansè kle tankou Uncle Kendji, ki te jwe yon wòl enpòtan pou ede l. Kòm reyaksyon, anpil itilizatè te deside dezabone ak kont li a, men pi mal, plizyè lòt  repòte paj li a, jiskaske TikTok  bloke li nèt.


Avan eskandal sa a, kont TikTok Leen Excellent te gentan rive pase 800,000 abòne ak plis pase 8,4 milyon LIKE. Malgre tout kritik ak move pawòl li resevwa, sa pa anpeche anpil moun sonje Chèf Leen te flote drapo Ayisyen an byen wo nan maraton gastronomik sa a, kote l rive make non li nan listwa.

Comentarii

Evaluat(ă) cu 0 din 5 stele.
Încă nu există evaluări

Adaugă o evaluare
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page