top of page

Atak sanginè nan Pahalgam: 26 moun mouri an Inde.

Yon gwo atak teworis fèt nan vilaj touristik Pahalgam, nan rejyon Kashmir, nan Peyi Inde, lakoz lanmò 26 moun, pami yo 25 sitwayen Endyen ak yon Nepalyen. Gwoup "Kashmir Resistance" reklame responsabilite zak sanginè sa a, ki deja konsidere kòm youn nan atak ki pi grav sou sivil nan peyi a depi plis pase yon dizèn lane.


An repons, gouvènman Endyen an pran plizyè mezi sevè kont Pakistan, li akize kòm soutyen militan yo. Pami mezi sa yo, Inde anonse li sispann patisipasyon li nan Tretman Dlo Endis la, yon akò istorik ki te siyen depi 1960 pou jere resous dlo ant de (2) peyi vwazen sa yo. Se yon desizyon ki ka gen gwo konsekans sou sekirite alimantè ak agrikilti nan rejyon an.


Mete sou sa, Inde fèmen pwen fontalye Attari-Wagah a, anile tout viza ki te bay sitwayen Pakistan yo, ekspilse konseye militè Pakistan yo ki te nan New Delhi, epi mete fen nan vwayaj ak echanj diplomatik sou baz plan SAARC la. Sitiyasyon sa a mete plis tansyon sou relasyon de (2)  peyi yo, ki te deja kraze depi lè Inde te revoke estati espesyal Kashmir an 2019.


Gouvènman Pakistanè a rejte akizasyon yo, li deklare li p ap rete bwa kwaze si Inde kontinye ak politik li yo. Anpil aktè entènasyonal ap suiv dosye a ak anpil prekosyon, paske gen krent pou konfli a rive pi lwen toujou nan yon rejyon ki deja chaje ak enstabilite.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page