top of page

Otèl Marriott Prevwa Fèmen Pòt Li definitivman nan Pòtoprens.

Otèl Marriott, youn nan dènye gwo otèl entènasyonal ki te rete louvri nan kapital peyi a, anonse li pral fèmen pòt li definitivman, madi 30 avril 2025. Se direksyon otèl la ki konfime nouvèl la, li mete aksan sou ensekirite ki kontinye ap agrave nan zòn metwopolitèn nan, kòm rezon prensipal ki pouse yo pran desizyon sa a.


Fèmen otèl la pral mete anviwon 100 anplwaye nan chomaj, yon kou di pou sektè touris ayisyen an ki deja toupizi anba enstabilite politik, kriz ekonomik, ak vyolans gang yo. Otèl Marriott te louvri an 2015, sou baz espwa ak fyète, kòm yon senbòl renouvèlman ekonomik. Li te jwenn sipò finansye nan men dyaspora a ak patnè entènasyonal.


Men, 10 lane apre, reyalite a frape ak tout fòs li.

Pandan gang ak zam ap simen laterè, anpil biznis ap fèmen,  Marriott pa chape anba sitiyasyon sa a. Fèmen otèl sa a se pa sèlman yon pèt pou endistri touris la, men tou yon siy klè sou jan anviwònman envestisman an ap degrade chak jou pi plis an Ayiti.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page