Chita Pale ant Emmanuel Macron ak Leslie Voltaire pou ranfòsman relasyon Ayiti ak Lafrans.
- konektem info
- 29 janv.
- 1 min de lecture
Ayè 28 janvye 2025 lan, Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), Ekselans Leslie Voltaire, rive nan vil Pari, Lafrans, nan tèt yon delegasyon ofisyèl ayisyen, ki akonpaye ak Minis zafè Etranje ak Kilt la, Jean-Victor Harvel Jean-Baptiste. Vizit sa a, k ap dire de ( 2) jou, vize konsolide relasyon ant Ayiti ak Lafrans.
Nan kad vwayaj sa a, Prezidan Voltaire ap rankontre ak Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, nan Palè Élysée. Reyinyon sa a make enpòtans relasyon istorik ak diplomatik ki konekte de (2) peyi yo.
Mete sou sa, l ap fè chita pale ak Louise Mushikiwabo, Sekretè Jeneral Òganizasyon Entènasyonal Frankofoni (OIF), sou koperasyon frankofòn yo ak angajman Ayiti pou pwomosyon lang, kilti, ak valè frankofoni yo.
Pou fini, Prezidan Voltaire ap rankontre Jean-Marc Ayrault, ansyen Premye Minis fransè ak Prezidan Fondasyon pou Memwa Lesklavaj, nan objektif pou diskite sou kesyon memwa istorik ak kolaborasyon ant de (2) peyi yo.
Comments