top of page

Administrasyon Trump anile pwolongasyon TPS pou Venezyelyen yo.

Administrasyon Trump lan deside revoke pwolongasyon Temporary Protected Status (TPS) administrasyon Biden nan te bay Venezwelyen yo, daprè sa The New York Times rapòte. Desizyon sa a te pran madi 28 janvye 2025, nan Depatman Sekirite Enteryè ameriken epi li mete fen nan ekstansyon 18 mwa ki te sipoze pwoteje plis pase 600,000 migran Venezyelyen kont depòtasyon.


Enfòmasyon fè konnen administrasyon Biden te bay pwolongasyon TPS la nan dat 10 janvye 2025, sa ki te pèmèt migran yo rete Ozetazini soti 3 avril 2025 pou rive 2 oktòb 2026. Sepandan, desizyon revokasyon sa a mete anpil Venezyelyen an danje, paske yo ka ekspoze ak operasyon depòtasyon administrasyon Trump lan, nan mwa k ap vini yo.


Revokasyon sa a konsidere kòm yon gwo kou pou kominote Venezwelyen an Ozetazini, ki te panse yo t ap jwenn plis sekirite fas ak chanjman politik imigrasyon yo. Desizyon sa a ka agrave enstabilite pou plizyè milye fanmi epi mete plis presyon sou gouvènman Venezyelyen an, ki deja ap jere yon kriz ekonomik ak sosyal grav.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page