Batay Kont Koripsyon : ULCC mete tèt ansanm ak INTERPOL.
- konektem info
- 23 mai
- 1 min de lecture
Direktè Jeneral Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC), Hans Joseph, fè konnen li te patisipe nan yon reyinyon travay ak Direktè Egzekitif INTERPOL la, Darrin Jones. Anons sa a te fèt sou kont X li. Reyinyon an se te yon pati nan yon patenarya estratejik pou fè avanse divès dosye ULCC ap jere kounye a, espesyalman sou kesyon koripsyon ak fwod finansye an Ayiti.
Daprè Hans Joseph, INTERPOL, ki fè pati Rezo Mondyal ki la pou konbat koripsyon, eksprime volonte li pou bay ULCC sipò. Sa a ap pèmèt yo ranfòse kapasite ajan ULCC yo, sitou nan seksyon espesyal ki okipe dosye koripsyon ak fwod finansye.
Patenarya sa montre volonte ULCC pou l rantre pi fon nan koperasyon entènasyonal kont enpinite ak lajan sal. Nan moman sa a, kote gen anpil tansyon sou dosye koripsyon, anpil sitwayen ap mande plis transparans,alyans sa ak INTERPOL kapab vin yon zouti enpòtan pou ranfòse konfyans ak jistis nan peyi a.
댓글