Avyon Air India kraze ak plis pase 240 moun ladan.
- konektem info
- 12 juin
- 1 min de lecture
Yon vòl Air India ki t ap soti Ahmedabad pou ale London fè krach kèk minit sèlman apre li te dekole. Avyon an, yon Boeing 787-8 Dreamliner ki gen nimewo anrejistreman VT-ANB ak nimewo seri 36279, te pote plis pase 240 moun ladan, dapre sa medya nasyonal yo fè konnen.
Avyon an te monte jis nan 625 pye wotè anvan li te komanse desann rapidman epi kraze sou yon zòn rezidansyèl ki rele Meghani Nagar. Dapre otorite lokal yo, se pa ti panik ki genyen nan mitan popilasyon an.
Minis Afè Entèn Endyen an, Amit Shah, ak Premye Minis Narendra Modi, deja eksprime doulè yo epi pwomèt tout sipò nesesè pou pote sekou. Boeing, ki se manifakti avyon an, di li deja lanse yon ankèt epi l ap kolabore ak otorite ayeryen Endyen yo.
Aksidan sa a se premye fwa depi Boeing 787 la rive sou mache an depi 2011. Li soulve anpil kesyon sou sekirite ayeryen, sitou sou vòl entènasyonal ak chaj pasaje ak gaz ki konn trè lou.
Jiskaprezan, DGCA ak lòt otorite envestigasyon yo sou teren pou rasanble tout done epi detèmine rezon ki lakòz trajedi a. Pami pasaje yo te gen sitwayen Endyen, Britanik, ak lòt nasyonalite.
Commentaires