top of page

Lapolis Arete yon fo Doktè pou Pratik Jinekològ Ilegal ki Koze Plizyè Ka Lanmò.

Nan miragwàn, Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) arete Édouard Hilaire, yon rezidan Fontamara, jedi 5 jen, pou pratik ilegal medsin. Li akize dèske li te fè operasyon jinekològ klandesten, tankou kitaj, ki lakoz lanmò plizyè jèn fi nan Miragwàn.


Daprè sa otorite yo rapòte, Hilaire te resevwa pasyan li yo nan yon ansyen kay doktè Pongnon, li te transfòme an klinik ilegal. Lè lapolis te entèvni, yo jwenn yon zam ki anrejistre sou non doktè a, men Hilaire demanti li konn itilize li. Yo dekouvri tou li te gen yon fo badj lopital Isaïe Jeanty (Chancerelles), kote li te fè li pase pou yon doktè.


Li admèt li pa janm afilye ak okenn enstitisyon medikal ofisyèl. Ka sa a mete aksan sou gravite pratik medikal ilegal nan peyi a, ki mete lavi moun an danje. Yon ankèt ap fèt pou idantifye viktim yo, jwenn posib konplis, epi anpeche repete zak kriminèl sa yo.


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page