top of page

Gwo tansyon nan mitan Trump ak Musk.

➡️ Gwo tansyon pete ant aktyèl prezidan ameriken Donald Trump ak milyadè Elon Musk, ki pandan lontan te parèt kòm bon alye. Depi kèk jou, rezo sosyal yo tranble anba echanj pawòl piman bouk ant 2 ansyen kolaboratè sa yo, apre yon dezakò sou yon pwojè lwa fiskal ak bidjetè.


Tout sa kòmanse lè Trump mete an dout validite pwojè lwa a, men sanzatann, Musk reponn sou kont Twitter/X li: « Si se pat mwen, Trump t ap pèdi eleksyon an. » Pawòl sa a pa sèlman etone, li estomake Trump, ki li menm menase koupe tout kontra gouvènmantal ki te rapòte gwo lajan pou konpayi Elon Musk yo. Milyadè a, li menm, rele atitid sa a « engra » epi li mande pou Trump pa gen okenn aksè ak pouvwa ankò.


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page