Kyria Salina Romusca ap reprezante Ayiti nan Miss Tourism World 2025 nan peyi Lachin.
- konektem info
- 10 sept.
- 1 min de lecture
Kyria Salina Romusca, ki kouwonnen "Miss Tourism World Haïti 2025" depi 22 dawout, yon inisyativ Organisation Miss Haïti Caraïbes, li pral pote drapo peyi a nan gwo final konkou entènasyonal Miss Tourism World 2025. Konpetisyon an ap kòmanse 12 septanm pou bout 2 oktòb nan vil Changsha, pwovens Hunan, nan peyi Lachin.
Miss Tourism World se yon platfòm entènasyonal ki rasanble plizyè peyi pou fè pwomosyon touris ak divèsite kiltirèl. Ane sa a, jèn modèl ayisyèn sila a, ki soti Latibonit, ap vin yon anbasadè pou Ayiti, nan objektif pou fè mond lan dekouvri richès atistik, mizikal, gastronomik ak ospitalite pèp ayisyen an.
Pou Kyria, patisipasyon sa a se plis pase yon kouwòn. Etidyan nan odontoloji ak kominikasyon, li mete lafwa li kòm pilye nan pakou l, pandan l ap pwone anmenm tan: konesans jeneral, ekspresyon sou sèn, bote fizik ak fòs espirityèl li. Li deklare : « Reprezante Ayiti se pote fyète, bèlte ak rezistans yon pèp ki merite klere pi plis toujou. »











Commentaires