200 Polisye Kenyen Debake An Ayiti pou Ranfòse Fòs Miltinasyonal la.
- konektem info
- 6 févr.
- 1 min de lecture
Jodi 6 fevriye 2025 lan, yon nouvo kontenjan ki gen 200 polisye Kenyen rive an Ayiti, kòm yon pati nan Fòs Miltinasyonal Sipò Sekirite a (MMSS). Fòs sa a, ki gen pou misyon ede retabli sekirite nan peyi a, kontinye ap elaji pandan kriz lan ap pèsiste.
Depi kòmansman ane a, Kenya te deja voye plizyè santèn polisye an Ayiti pou ede Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) nan konba kont gang ame yo. Nan mwa janvye a, 300 polisye te deja deplwaye, nouvo kontenjan 200 ofisye ki rive jodi a, vin mete plis presyon sou gwoup ame k ap kontinye simen latwoublay nan peyi a.
Dapre Leslie Voltaire, prezidan KPT a, ranfòsman sa yo enpòtan pou ede PNH la batay ak gang yo nan plizyè zòn ki te anba kontwòl yo.
Malgre deplwaman sa yo, sitiyasyon sekirite a toujou rete prekè nan plizyè katye. Gang yo kontinye ap menase popilasyon an, kidnape moun, ak mete obstak nan jefò otorite yo pou retabli lòd. Popilasyon an ap tann si nouvo fòs sa a ap reyèlman chanje dinamik la sou teren an.
Pandan tansyon an toujou wo, anpil obsèvatè ap suiv kijan fòs miltinasyonal la pral jere defi yo fas ak gang ki kontinye ap aji san enpinite.
Comments