60 Militè ak Polisye Salvadoryen Debake Ayiti pou Ranfòse MMSS.
- konektem info
- 5 févr.
- 1 min de lecture
Yon kontenjan 60 militè ak polisye Salvadoryen antre Ayiti, madi 4 fevriye 2025 lan, pou vin ranfòse MMSS la. Militè sila yo rive nan yon kontèks kote ensekirite a kontinye menase popilasyon an, epi otorite ayisyen yo ap chèche konsolide jefò entènasyonal yo pou retabli lòd nan peyi a.
Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), Leslie Voltaire, Direktè Jeneral Polis Nasyonal Ayiti a (PNH), Rameau Normil, ak kòmandan MMSS la, Godfrey Otunge, te akeyi militè ak polisye salvadoryen yo. Pandan seremoni a, otorite yo mete aksan sou enpòtans kolaborasyon entènasyonal la pou ede Ayiti konbat gang yo epi estabilize sitiyasyon an.
MMSS la, ki gen sipò Nasyonzini, fèt sou demann gouvènman ayisyen an pou konbat ogmantasyon zak vyolans yo. Rive kontenjan sa a soti nan Salvador montre angajman plizyè peyi nan rejyon an, pou soutni jefò sekirite Ayiti yo. Malgre sa, anpil moun kontinye poze kesyon sou estrateji ki dwe akonpaye operasyon sa yo pou asire yo pote solisyon dirab.
Comments