top of page

Salvador aksepte resevwa prizonye kriminèl ameriken yo nan yon akò ak Etazini.

Nan kad yon vizit ofisyèl nouvo Sekretè deta ameriken an, Marco Rubio, ap fè nan Amerik Santral, Prezidan Nayib Bukele anonse li pare pou resevwa prizonye kriminèl ki soti Ozetazini. Anons sa a fèt lendi 3 fevriye 2025 lan, aprè yon rankont ant Bukele ak Sekretè deta a. Daprè sa otorite yo fè konnen, akò a prevwa Salvador ap akeyi kriminèl vyolan ameriken ki kondane, ansanm ak depòte ki soti divès nasyonalite.


Dapre Bukele, prizonye sa yo ap antre nan gwo prizon CECOT la, yon etablisman sekirite maksimòm ki deja itilize pou kenbe manm gang MS-13 ak Tren de Aragua. An echanj, administrasyon ameriken an ap bay Salvador yon frè pou jere sitiyasyon sa a. « Kòb sa a ka yon jan fèb pou Etazini, men l ap enpòtan pou nou, kote l ap rann ansanm sistèm penitansyè nou an dirab », se sa Prezidan Bukele ekri sou kont X li.


Anplis sa, Salvador konfime li kontinye aksepte depòte Salvadoryen ki te antre Ozetazini ilegalman yo. Dapre otorite yo, peyi a p ap sèlman resevwa sitwayen pa li yo, men tou li ouvè pou akeyi tout lòt etranje ki se kriminèl, kèlkeswa nasyonalite yo. Akò sa a souliye pozisyon Bukele sou sekirite ak prizon, pandan l ap mete aksan sou enterè ekonomik ak estratejik li genyen nan alyans sa a ak Etazini.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page