top of page

Vladimir Paraison pran tèt Polis Nasyonal la.

Jodi Vendredi 8 dawout 2025 lan,  yon chanjman enpòtan rive fèt nan tèt Polis Nasyonal Ayiti (PNH) a. Pandan yon seremoni ki fèt nan kapital la, gouvènman an nonmen Vladimir Paraison kòm nouvo Direktè Jeneral enstitisyon an, kòm ranplasan Normil Rameau.


Dapre plizyè sous ki byen enfòme, Rameau te deja okouran sou posiblite pou li kite pòs la. Desizyon sa a vini nan yon moman kote estrateji sekirite peyi a ap sibi anpil kritik, sitou akòz ogmantasyon zak krim yo nan tout peyi a.


Avèk nonminasyon li, Vladimir Paraison ap gen gwo defi devan li. Li pral bezwen travay pou ranfòse kapasite operasyonèl PNH la epi retabli konfyans popilasyon an nan fòs polis la. Kounye a, tout je fikse sou li pou wè kijan l pral aji lè l rive sou teren an.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page