ULCC fè bilan sou deklarasyon patrimwàn ajan piblik yo.
- konektem info
- 1 sept.
- 1 min de lecture
Jodi premye septanm 2025 lan, L’Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC), fè konnen li konstate gwo avanse k ap fèt nan deklarasyon patrimwàn ajan piblik yo, jan sa mande dapre lwa 12 fevriye 2008 la. Nan yon nòt ki pibliye, enstitisyon an rapòte tout manm Konsèy Prezidansyèl Transisyon (KPT) deja ranpli obligasyon yo. Mete sou sa, 90% minis ak sekretè Deta deja depoze deklarasyon yo, malgre toujou gen 2 minis ak 2 sekretè Deta ki poko konfòme yo, malgre rapèl ki te fèt yo.
Pou rive nan rezilta sa yo, ULCC mete plizyè estrateji sou pye: jounen deklarasyon espesyal, piblikasyon yon gid pratik, kanpay sansibilizasyon, epi voye 120 dosye nan lajistis pou defo deklarasyon. Enstitisyon an salye tou kontribisyon òganizasyon sosyete sivil yo nan pwosesis sila.
Rechèch ki te fèt an 2022 sou lwa deklarasyon patrimwàn nan pèmèt yo lanse plizyè refòm avèk sipò patnè teknik ak finansye, espesyalman pou ranfòse sistèm SYDEP III. Nan twa dènye ane yo, kantite deklarasyon yo ogmante pa 535%, yon pwogrè ULCC atribiye ak aksyon prevantif ak represif li yo.
Malgre tout efò sa yo, gen toujou gwo fonksyonè ki evite respekte lwa a. Sa montre sistèm nan toujou gen limit li, e batay pou transparans total nan sektè piblik la rete yon defi.
Commentaires