Trump Anonse Retrè Etazini nan UNESCO.
- konektem info
- 22 juil.
- 1 min de lecture
Prezidan ameriken Donald Trump anonse retrè imedya Etazini nan UNESCO, òganizasyon Nasyonzini pou edikasyon, syans ak kilti. Li akize enstitisyon an dèske li twò angaje nan kòz "woke" ak twòp sipò pou Palestin, sa li konsidere kòm yon "deriv ideyolojik" ki pa an akò ak valè Ameriken yo.
Desizyon sa a, ki raple pozisyon Trump te pran deja an 2017, te konfime pa Depatman Deta atravè yon kominike ofisyèl. Pòt pawòl adjwen Lamezon Blanch lan, Anna Kelly, fè konnen administrasyon an vle kase ak sipò li estime kòm twò kontrè ak bon sans elektora Ameriken an.
Retrè sa a mete UNESCO pi plis anba presyon nan yon kontèks jeyopolitik sou tansyon ak kritik kont miltilateralis lan. Trump, ki retounen sou pouvwa depi janvye 2025, kontinye mete aksan sou priyorite nasyonal yo, fidèl ak deviz li: "America First".
Commentaires