top of page

Sekretè Deta Ameriken an,Antony Blinken,Diskite ak Prezidan Luis Abinader sou Ayiti ak Sekirite Rejyonal.

Sekretè dEta Ameriken, Antony Blinken, te fè yon rankont avèk Prezidan Repiblik Domikèn nan, Luis Abinader, Vandredi 6 septanm 2024 la, kote yo te diskite sou sitiyasyon dwa moun, sekirite rejyonal, ak pwosperite ekonomik nan Karayib la.


Rankont sa a te fèt yon jou apre Blinken te vizite Ayiti pou sipòte misyon Nasyonzini ki dirije pa Kenya a, ki la pou ede PNH konbat gang ak Zam yo ki pa sispann simen laterè nan peyi a.


Prezidan Abinader te eksprime enkyetid li sou konsekans kriz Ayiti a sou sekirite Dominikani, espesyalman paske de (2) Peyi yo pataje menm fwontyè. Li te mete aksan sou mank resous ki disponib pou misyon entènasyonal la epi te pale sou ogmantasyon migrasyon Ayisyen ki gen enpak sou peyi l.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page