top of page

MENFP Reyini ak Direktè Lekòl Piblik yo pou Diskite sou Amelyorasyon pou Ane Lekol 2024-2025.

Minis Edikasyon Nasyonal, Augustin Antoine, ansanm ak direktè jeneral ministè a, Yves Roblin, te fè yon konferans mèkredi 4 septanm 2024 la ak plis pase yon santèn direktè lekòl ak lise nasyonal nan zòn metwopolitèn nan. Rankont sa a te fèt pou diskite sou jefò gouvènman an ap kontinye fè pou amelyore fonksyònman lekòl piblik yo pandan ane lekòl 2024-2025.


Pandan reyinyon an, minis Antoine ak direktè jeneral Roblin te pale sou plizyè pwen enpòtan, tankou retou lekòl yo nan lokal istorik yo, mezi ki pran pou bay lekòl yo pi bon kondisyon pou fonksyone ak materyèl de kalite, epi nesesite pou defann dwa fondamantal chak timoun pou ale lekòl.


Jean-Robert Dossaint, direktè kabinè minis la, direktè depatman edikasyon Lwès la, Etienne Louisseul France, ak youn nan adjwen li yo, Frantz Jean, te patisipe tou nan rankont sa a ak responsab lekòl piblik yo pou mete aksan sou angajman MENFP pou amelyore kondisyon ansèyman an Ayiti.

コメント

5つ星のうち0と評価されています。
まだ評価がありません

評価を追加
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page