top of page

Reyinyon Ayiti ak Kolonbi: Yon angajman pou yon koperasyon dirab.

Nan yon rankont ki te fèt nan vil Jakmèl, ayè mèkredi a, Premye Minis Ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, ansanm ak prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (CPT), Leslie Voltaire, te akeyi Prezidan Repiblik Kolonbi a, Gustavo Petro. Rankont sa a te make pa yon konsèy minis bilateral ki gen pou objektif ranfòse relasyon ant Ayiti ak Kolonbi.


Koperasyon pou devlopman ak sekirite

Nan diskisyon yo, de peyi yo te mete aksan sou plizyè zòn estratejik:

•Ekonomi: Ogmante echanj komèsyal yo ak sipòte antreprenarya nan de (2) peyi yo.

•Sekirite: Fè fas ansanm ak krim òganize epi amelyore kapasite enstitisyonèl yo.

•Eneji renouvlab: Ankouraje itilizasyon teknoloji vèt ak enèji ki pa polye anviwònman an.

•Anviwònman: Pwoteje ekosistèm, sitou forè ak resous maren yo, pou konbat efè chanjman klimatik.

Rankont sa a demontre yon volonte pou chèche solisyon komin pou pwoblèm mondyal tankou migrasyon, povrete, ak kriz anviwònman.


Gouvènman Ayisyen an te renouvle angajman l nan yon diplomasi ki respekte prensip souvrènte nasyonal la, pandan li travay sou entegrasyon rejyonal ak solidarite ant pèp yo.

Rankont sa make yon etap enpòtan nan relasyon Ayiti ak Kolonbi, epi li louvri pòt pou yon koperasyon ki pi solid, ki chita sou objektif pataje pou yon devlopman dirab ak

Komentari

Ocijenjeno s 0 od 5 zvjezdica.
Još nema ocjena

Dodajte ocjenu
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page