top of page

300 migran jwenn Arestasyon yo Ozetazini.

Ayè 22 janvye 2025 lan, Nan kad yon operasyon nasyonal, gide pa Immigration and Customs Enforcement (ICE), 300 migran jwenn arestasyon yo atravè tout Etazini, daprè Tom Homan, ansyen direktè Ajans Imigrasyon anba administrasyon Donald Trump, ki pale sou Fox News. Operasyon sa a, ki mete aksan sou arestasyon kriminèl sispèk, te rive nan plizyè vil.


Dapre rapò jounalis Bill Mellugin, ki te akonpanye yon ekip ICE nan zòn Boston, li temwaye arestasyon 8 moun ki te sispèk nan krim tankou asasina ak vyòl. Mellugin revele yon manm gang Ayisyen tou te pami moun ki arete yo, men li pa bay plis detay sou idantite l.


NBC News fè konnen operasyon sa yo te vize moun ki gen dosye kriminèl grav. Sepandan, gen ensètitid sou si lòt migran san dosye kriminèl te viktim arestasyon yo. Sitiyasyon sa a ap kontinye fè reyaksyon nan kominote migran yo, pandan advèsè ak sipòtè politik migrasyon Etazini yo ap fè chita pale sou legalite ak etik operasyon sa yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page