top of page

Prezidan Kenya a mande pou UA rekonèt Ayiti kòm yon rejyon Afrikèn.

Prezidan Kenya a, William Ruto, lanse apèl bay Inyon Afriken (UA) pou li rekonèt Ayiti kòm sizyèm rejyon kontinan Afriken an. Li fè demann sa a pandan 38yèm Asanble Òdinè òganizasyon rejyonal la nan peyi Etyopi.


Nan yon kominike, pòtpawòl Mezon Blanch lan, Hussein Mohammed, presize Ruto swete UA adopte yon deklarasyon solidarite ak Ayiti. Li mete aksan sou nesesite pou kontinye soutni misyon sekirite Kenya ap dirije nan Karayib la.


Malgre deplwaman fòs kenyan yo, popilasyon ayisyèn nan kontinye fristre fas ak jan delegasyon Kenyen yo ap rale pye nan batay kont gang yo. Ruto, pandan l ap pale itilize mo "soutni", t a sanble ap chèche ogmante enfliyans Kenya sou Ayiti, ki toujou bloke nan kriz l ap viv la.

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page