Maïssade anba menas gang ak zam.
- konektem info
- 17 févr.
- 1 min de lecture
Gwo Laperèz ap vale teren nan Maïssade, kote gang ame ap menase sekirite abitan yo. Depi plizyè jou, moun ap limite deplasman yo, lekòl ap fonksyone an ralanti, epi yon kouvrefe aplike kote depi l 10è nan lannuit, tout aktivite ak sikilasyon kanpe.
Malgre lapolis ranfòse siveyans epi bloke kèk wout, sitiyasyon an rete kritik. Popilasyon an te touye de (2) prezime bandi, pami yo yon ansyen chofè taksi. Enspektè Cabret konfime gang ki soti nan Latibonit ap chèche pran kontwòl zòn nan, pandan efektif polisye ki disponib pou pwoteje komin nan vrèman enkyetan.
Gouvènman an kontinye fè soud zòrèy sou apèl sekou otorite lokal yo. Pandan kapital la deja kontwole 85 % ak gang, Maïssade, ki nan yon depatman san aksè dirèk sou kòt, vin pi vilnerab.











Commentaires