top of page

Palmarès Mizk / Videyo Evanjelik ©Mas 2024

kontrèman ak espektak yo ki kanpe depi kòmansman mwa Fevriye 2024 nan peyi dAyiti, plizyè pwojè mizik ak videyo evanjelik reyalize pou mwa mas la gras ak fidelite epi travay san kanpe ke salmis, atis ak gwoup evanjelik yo reyalize malgre kriz yo vrèman ap ogmante nan peyi a.


Nan kad ribrik Palmarès Mizik Evanjelik pou mwa mas la, ekip Konekte M nan rive repètorye anviwon 20 pwojè mizikal ki soti ak tout videyo, ki regwoupe atis ayisyen k ap viv Ayiti tankou lòtbò dlo nan milye evanjelik la. Nan projè mizikal yo, ekip redaksyon konekte m nan remake anpil varyete nan sijè yo tankou; Angajman sosyal, Motivasyon pou bouste Lafwa, temwanyaj elatriye.


Se pou sa, nap envite w founi je gade yon lis ki byen prepare, ki regwoupe tout pwojè yo nan lide pou pèmèt ou dekouvri pi byen mizik ak videyo ke Salmis, Atis, gwoup evanjelik yo soti pou mwa Mas la.


1

« Plan enmi an echwe » te devwale premye jou nan mwa mas 2024 la, sa ki te make kòmansman yon nouvo chapit espirityèl ak espwa pou moun ki kwè nan pouvwa BonDye.

Jean Enock Louis, ansyen manm koral Teknon Vox Mass Choir ak Sherline Dalberis, ansyen lead vokal gospel Hoshama mete vwa yo ansanm nan mizik sa a ki evoke pwoteksyon BonDye fas ak advèsite.


2

« M angaje m » soti 1er mas 2024, se yon tèks angajman pèsonèl pou sèvi Bondye epi bon jan koneksyon ak Li. Mizik la ankouraje moun ki gade l yo pou yo remèt lavi yo bay JeziKri, sèvi L ak tout kè yo. Se mesaj deskripsyon videyo mizik la sou youtube Radio Tv Levanjil Agogo.


3

« Moun k ap veye m nan » se yon melanje Afro ak Rap. Sou pwojè sa a, atis yo temwaye pouvwa ak grandè Bondye. Yon kolaborasyon ant Peterson Pierre ak Frè Gabe, ki soti nan dat 5 mas, 2024.


4

Nan kad Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo 8 mas la, atis ak aktivis sosyal Ginou Pierre Taverne an kolaborasyon ak BIC a te soti "NOU TOUJOU LEVE" nan dat 6 mas la.

« Nou toujou leve » se yon mizik ki fè elòj fanm ayisyèn konsekan malgre tout bagay ki pa janm fè bèk atè. Nou k ap jwenn yon ochan pou plizyè fanm ki make listwa peyi a tankou Marie Claire Heurese, Yole Derose, Liliane Pierre Paul Charles, elatriye.


5

« Lè n Priye » sòti nan dat 7 mas 2024, yon videyo mizik ki prezante pa Pulse Studios ak Lej Music. James Legenis se otè-konpozitè mizik lan , li chante l ansanm ak Claire Calixte. Mizik sa a montre pouvwa ak sans lapriyè nan lavi nou.


6

« Viktwa ou siyen deja », Se premye mizik Tamara B.Raphaël ki soti ak tout videyo nan dat 9 Mas 2024 la, yon mizik ki pote yon mesaj pou tout moun ki kwè nan non Jezi e raple yo viktwa a siyen an favè yo deja kèlkeswa jan batay la ta mare.


7

« Yon mo sèlman sifi » yon nouvèl pwodiksyon

Bruno Jean Manel an kolaborasyon ak Aniel Fils, ki soti 10 mas 2024.

« Yon mo selman sifi » se priyè pa w ou menm kap travèse yon moman pou w mande Senyè di yo mo sèlman nan sa w ye a.


8

« Se mwen ki pou di » Dimanch 10 mas la Deborah Henristal soti mizik sila a.

"Lè m rete m ap gade moun ki te swaf

Ki te gen anpil espwa

Kounya pèdi lafwa

Espwa a kaba

Se mwen k pou di w jan m ap tòde ..."

Se pami pawòl atis la chante ki eskprime fistrasyon l pou l wè jan bagay yo ap anvlimen chak jou an Ayiti.


9

« Ou fidèl » Dimanch ki te 17 mas pase a Salmis Delma Sancha Noel soti premye single li. Yon kantik salmis la kontanple fidelite BonDye. Sancha pwofite de soti mizik sa pou lanse Karyè l nan milye evanjelik ayisyen an.


10

« Konbyen Fwa »se tit mizik angajman sosyal sa a Sylvie L. Zamor ofri piblik la nan dat 20 mas la.

Konbyen fwa nou panse n ap viv?

Poutan nou mouri depi lontan. Se pami kesyon PDG Soul Entertainment poze ak chak aktè nan sosyete ayisyèn k ap pawoze pandan peyi a menm ap rantre pi fon nan yon twou san fon .


11

« M’adore W » se tit dènye projè mizik videyo Sandie Sully ki soti 22 mas 2024.

« M’adore W » se yon mizik ki bay BonDye glwa ak louwanj, pou sa BonDye ye ak sa Li fè. Devan BonDye tout lanmè poze,

Fas li, tout miray kraze.


12

« Chandelier » soti 23 mas la se tit dezyèm muzik ki sou album “M pap doute” an, Salmis Jounise A. Midi. Yon mizik ki montre nou valè nou nan BonDye.

Mwen pa moun isit

Mwen se zetwal ki briye nan syèl la.


13

« Fò m Temwanye » Klase an 14èm pozisyon sou albòm "Aktive Puisans ou" , se yon Mizik Spencer Brutus konpoze e se Mediartistic Studios/ Roby Pierre ki asire reyalizasyon videyo a.

Spencer Brutus te pwofite okazyon 25 mas 2024 la menm jou Album nan te soti a pou I te prezante ak gran piblik la videyo mizik « Fò m Temwanye », kote yap onore fidelite BonDye ki toujou kenbe tout pwomès Li yo.


14

« Nou pa kapab ankò » Pwojè sa soti nan dat 28 mas la nan mitan kriz malouk peyi a ye, rapè frè Alexis ansanm ak plizyè jèn talan tankou 55 Aktif, Joeh, M-Paulo ak Kïara soti nan silans yo e pran pozisyon pou yo di: "yo bouke"


15

« M ap temwanye » Soti 28 Mas 2024, yon mizik Natacha Alexis, Frantz Joseph epi Geraldine Clercin chante ansanm.

Chan sa ekri nan objektif pou bay Bondye glwa pou plizyè benefis Li nan lavi Natacha Alexis ak kolaboratè li yo.


16

«Lanmou tankou leman» se yon pwojè ki oze. Koup pastoral Sam soti mizik sa a sou non atis "Nèg lari a" ak "first Lady". Mizik la mete annavan lanmou erotik, e montre lè de moun destine pou ansanm, leman lanmou an ap toujou rale youn vin jwenn lòt. Pwojè a disponib sou platfòm Mizik yo depi 28 mas la.


17

« Mwen libere » se premye projè mizik videyo Shyda Keslène Orzil yon nouvo zetwal nan kominote evanjelik ayisyen an, ki soti nan dat 29 mas 2024 la.


18

« Lawo » (lakay BonDye) soti 30 mas 2024, yon trè bèl mizik ki fè referans ak swaf prezans BonDye ki mennen yon vizyon sou anlèvman Legliz. Yon sijè mizik nou pa jwenn souvan men Bondye enspire Clerveau Lovenson pou tout kretyen ki gen esperans sali a.


19

« Mwen wè L », soti 31 mas 2024.

“Mizik sa a reprezante yon temwayaj non sèlman pou lavi m, men tou, manifestasyon glwa Bondye nan fanmi m. Toujou gen yon leson pou nou aprann nan difikilte nou yo men Bondye toujou gen yon fason pou nou soti. Bondye nou an pa chanje. Sa ou te wè ak tande nan men ansyen ou yo, Li ka toujou fè L”.

: se mesaj deskripsyon videyo mizik Emmanuel Pierre la sou Youtube li.


20

« M konte sou Ou » yon vwa anpil moun konnen atravè mistè Holysongs soti yon videyo mizik 31 mas 2024 la. “lè sa ta sanble parèt enposib

Senyè Bondye mwen kwè nan Ou

Menm lè m pa ta gen pèsonn ki la pou mwen

Senyè mwen depann de Ou”. Fraz sa yo nan refren mizik Cassandra Guillaume soti a.



Sonje byen, you n nan pi bon fason ou ka sipòte zèv ka p kreye nan milye evanjelik la se lè w konsome yo pandan wa p layk, renmen epi abòne ak rezo Salmis Atis ak gwoup yo. Sa ap pèmèt yo ankouraje pi plis pou pwodwi pi bèl mizik ak videyo pou kenbe w ak ede w konprann sa ka p pase sou tè a tankou nan syèl la.


REDAKSYON:

Vanauscheca P. Bouzy ak Jonathan Dorziaire


KONSEPSYON GRAFIK:

Grafik: Bouzy Jo-Flung



101 vues0 commentaire
bottom of page