Randevou 1er fevriye 2026 sou tout platfòm KONEKTEM yo pou dekouvri Palmarès Mizik Evanjelik mwa Janvye a.
- konektem info
- il y a 3 jours
- 1 min de lecture
Nan kòmansman ane 2026 la, mizik evanjelik ayisyen an make premye prezans li ak nouvo son, nouvo pawòl ak nouvo direksyon mizikal, ekip redaksyon KONEKTEM anonse piblikasyon Palmarès Mizik Evanjelik Janvye 2026 la, ki ap disponib ofisyèlman 1er fevriye 2026.
Palmarès sa a rasanble mizik evanjelik ki make premye mwa ane a, atravè vwa atis ki pote mesaj espwa, lafwa, konsyans ak ankourajman, nan yon kontèks kote piblik la bezwen mizik ki bay fòs, direksyon ak konfyans. Janvye 2026 la louvri ane a ak divès pwodiksyon ki temwaye dinamis mouvman mizik evanjelik la, ant adorasyon, temwayaj ak pwoklamasyon idantite espirityèl.
Fidèl ak misyon li, KONEKTEM kontinye afime wòl li kòm yon platfòm referans pou mizik evanjelik ayisyen an, nan mete an valè travay atis yo epi ofri piblik la yon lekti klè sou mizik ki domine mwa a. Plis pase yon senp klasman, palmarès la se yon zouti memwa, analiz ak valorizasyon mizik ki pale ak kè moun.
Piblik la, fanatik yo ak tout aktè evanjelik la envite pou rete konekte pou dekouvri Palmarès Mizik Evanjelik Janvye 2026 la, 1er fevriye 2026, sou tout platfòm KONEKTEM yo.











Commentaires