OPC lanse yon gwo konkou sou dwa moun ak devwa sitwayen.
- konektem info
- 1 sept.
- 1 min de lecture
Biwo Pwoteksyon Sitwayen (OPC) anonse lansman yon konkou ki vize mete limyè sou dwa moun ak devwa sitwayen jodi premye septanm 2025 lan. Aktivite sila louvri pou twa kategori: elèv (7e ane fondamantal rive nan filozofi), etidyan, ak jounalis pwofesyonèl. Chake patisipan ap gen pou soumèt yon pwodiksyon orijinal an kreyòl oswa an franse, swa an fòm ekri swa an fòm odyovizyèl.
Pou kategori elèv yo, sijè yo konsantre sou fonksyònman lekòl nan zòn gang okipe ak pwoteksyon tifi kont vyolans nan kan deplase yo. Etidyan yo, yo menm, ap travay sou dosye tankou kòripsyon, enpinite, enstabilite politik, ak pwoteksyon lavi prive sou rezo sosyal. Kote jounalis yo, yo envite pou prepare repòtaj sou wòl laprès nan pasifikasyon peyi a, lit kont pwopagann ilegal, ak sitiyasyon deplase entèn yo, sitou fanm ak tifi ki viktim vyolans.
Dapre règ yo, kandida yo dwe soumèt dosye yo anvan 31 oktòb 2025 nan lokal OPC, nan Dèlma 33 oswa Dèlma 83, oswa voye yo pa mannyè elektwonik, atravè WhatsApp. Yo oblije mete ladan yon lèt rekòmandasyon lekòl oswa inivèsite yo, oswa yon kopi kat idantite oswa kat laprès yo. Pa gen okenn pre-anrejistreman ki nesesè.
Direktè jeneral OPC a, Jude Jean Pierre, fè konnen objektif konkou a se «sansiblize jèn yo ak pwofesyonèl medya yo sou kesyon dwa moun, pandan y ap bayo yon platfòm pou mete valè nan kontribisyon sitwayen yo ak amelyore imaj Ayiti nan Zye kominote entènasyonal la».
Commentaires