top of page

Lopital Jeneral tonbe anba flam dife bandi, jodi jedi 13 fevriye a.

Lopital Jeneral pa sispann viktim anba zak kriminèl bandi k ap feraye nan kapital la. Aprèmidi jedi 13 fevriye a, pou moman tèks la pibliye a,  Lopital Jeneral twouve l anba gwo flam dife.


Lopital Inivèsitè Leta Dayiti (HUEH) se pami pi gwo enfrastrikti sanitè Leta genyen. Men Depi kèk tan, lopital sila pa t ka fonksyone akoz sitiyasyon ensekirite malouk kapital la ap konnen. 24 desanm ane pase, kowalisyon Viv Ansanm te mennen yon atak ki te lakoz lanmò de (2) jounalis ki t ap prepare pou kouvri ouvèti Lopital la. Finalman peyi ap konstate pi gwo Lopital piblik, ki menm konsidere pami pi gwo Lopital Karayib la, k ap boule anba gwo flanm dife kriminèl.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page