top of page

Mank konfyans fòse CPT kraze CNDDR.

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) anonse ofisyèlman jodi a li mete fen nan egzistans Komisyon Nasyonal pou Dezameman, Demantèlman ak Reyentegrasyon (CNDDR), yon nouvo estrikti ki t ap travay sou dosye  sekirite an Ayiti. Desizyon sa a pran nan yon kontèks kote konfyans pèp la ak plizyè sektè sou komisyon an te fin kaba, akoz akizasyon grav sou mank endepandans ak entegrite kèk manm ladan li.


Reyaksyon sa a vini mwens pase 24 èdtan aprè Pierre Espérance, direktè RNDDH, te soulve gwo enkyetid sou prezans Jean Rebel Dorcénat nan CNDDR, yon moun li konsidere kòm pwòch lidè gang Jimmy “Barbecue” Chérizier.


Pou reponn ak defi sekirite yo, CPT fè konnen li pral mete sou pye yon nouvo estrikti, apre konsiltasyon ak sosyete sivil la ak plizyè pèsonalite nasyonal. Objektif la se bati enstitisyon ki merite konfyans popilasyon an, epi ki kapab jwe wòl yo san patipri, ni angajman paralèl.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page