top of page

Lajistis mete manda dèyè Aviol Fleurant pou koripsyon.

Ansyen minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn lan, Aviol Fleurant, gen yon manda pou arete l paske l te refize reponn yon konvokasyon lajistis. Jij enstriksyon Loubens Élysée te pran desizyon sa a nan kad ankèt sou sipoze fo deklarasyon patrimwàn ak anrichisman ilegal. Dapre otorite yo, ansyen minis la pa ka jistifye kòman li te rive akimile 75,207,339.29 goud ant mas 2016 ak desanm 2018, sa ki reprezante yon ogmantasyon 253,26 % sou revni l ofisyèl.


ULCC  te voye dosye a bay Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ), kote yo montre Fleurant te gaye lajan sa a sou 16 kont labank. Mete sou sa, ULCC mete an dout de (2) kay li te fè achte nan Péguy-Ville pou 75,000 dola ameriken, sou non pitit li yo. Sa fè otorite yo poze kesyon sou posiblite pou se t a lajan leta ki te sèvi nan tranzaksyon sa yo.


Malgre tout akizasyon sa yo, Aviol Fleurant pa t janm prezante devan jij la epi li te eseye fè anile pwosedi a nan Kou Kasasyon, men tribinal la te rejte demann li. Kounye a, manda arestasyon sa a mete plis presyon sou lajistis pou l montre li ka konbat enpinite. Rete pou wè si dosye sa a pral mennen nan sanksyon reyèl oswa si li pral fini san okenn rezilta, tankou anpil lòt ka koripsyon an Ayiti.

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page