top of page

Koudeta ak tantativ asasinay kont aktyèl prezidan Lula :Yon gwo akizasyon ki peze Lou sou do Jair Bolsonaro.

Nan yon rapò plizyè santèn paj, Lapolis federal nan peyi Brezil akize ansyen prezidan brezilyen an, Jair Bolsonaro, kòmkwa li t a enplike, nan lane 2022, aprè defèt elektoral li nan yon tantativ koudeta ak asasinay kont aktyèl prezidan Lula.


Daprè anketè yo, koudeta a pa rive fèt akòz lame brezilyèn nan ki pa t anbake nan pwojè sila a. Yon lòt bò, ansyen prezidan ladwat la, k ap nouri lide pou kandida nan eleksyon 2026 la, voye jete byen lwen ak tout fòs li, epi kalifye akizasyon sa yo pèsekisyon politik.


Lapolis Federal deja remèt Lajistis brezilyèn Rapò sila atravè Pwokirè Jeneral la, Paulo Gonet. Dokiman sila lonje dwèt sou Jair, ansanm ak 36 lòt moun ankò, ladan yo se kèk ansyen militè.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page