top of page

Yon lòt chapit nan ensekirite a lakòz anviwon 41 000 Moun kouri kite lakay yo nan Pòtoprens, daprè OIM.

Depi 11 Novanm 2024 la, se anviwon 41 000 moun ki kouri kite lakay yo akoz ensekirite, dapre sa Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) revele. 90% nan moun sa yo al pran refij nan kèk abri pwovizwa ki epapiye nan zòn metwopolitèn nan.


Yon sitiyasyon ki bay OIM gwo kè sote, chef OIM nan, an Ayiti, Grégoire Goldstein eksprime l: « Depi lè nou kòmanse aji sou dosye kriz Imanitè sila nan lane 2022, Faz ensekirite sa a san parèy».


Majorite moun sa yo ki deplase nan dènye jou yo kite katye tankou: Solino, ba Dèlma, Nazon, Vivy Mitchel ak Taba. Deplase sila yo ap viv nan move kondisyon, yo pa gen aksè ak bezwen primè tankou dlo, manje, swen sante, elatriye...


Fenomèn ensekirite a lakòz plis pase 700 000 moun blije nan kouri kite lakay yo, pou al refijye nan anviwon 29 abri pwovizwa nan tout rejyon metwopolitèn nan.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page