Gwo Dife Eklate Delmas 31: De (2) Timoun Mouri, plizyè Moun Blese Grav, anpil Fanmi Pèdi Kay yo.
- konektem info
- 23 nov. 2024
- 1 min de lecture
Yon gwo dife te eklate nan aswè vandredi 22 novanm 2024 la, nan sit Armonie, Delmas 31, toupre ansyen lokal meri Delmas a. Flanm dife yo, ki sanble te kòmanse nan yon espas kote yo t ap estoke gaz pou vann an detay, fè de (2) timoun ki gen 3 ak 4 lane pèdi lavi yo, epi li blese grav twa lòt moun ki te oblije al lopital rapid pou jwenn swen.
Lindor, yon abitan nan zòn nan, fè konnen timoun yo te nan dòmi lè dife a pran, epi yo pa t ka sove. “Yo te konplètman boule paske yo te poukont yo nan kay la,” li esplike.
Flanm dife a te ravaje prèske tout ti kay ki nan sit Armonie a, mete anpil fanmi nan lari. Yon moun ki pèdi tout sa li posede di: “Mwen te deyò lè dife a pran. Lè mwen tounen, tout bagay te deja boule.” Li te pale ak anpil emosyon.
Malgre entèvansyon ponpye yo ki rive finalman etenn dife a, anpil moun, ki se sitou moun ki pa gen gwo mwayen, pa konnen ki kote y ap pase nwit la. Pandan zòn metwopolitèn Potoprens lan ap fè fas ak yon kriz gaz ki dire depi senk jou, trajedi sa a mete plis presyon sou moun ki deja ap viv nan kondisyon difisil.
Comments