top of page

Dram nan legliz Union Baptiste Nazon.

Yon atak lakoz 5 jèn gason mouri nan legliz Union Baptiste Nazon, yon dram terib lage kominote legliz la nan yon dèy san parèy.


Nan yon odyo pastè Joël Pierre t ap rakonte dram ki pase nan dat lendi 18 novanm pase a nan moman fidèl yo te reyini pou yon sèvis devosyon matinal. Plizyè nèg ak zam vandalize epi detui lavi 5 moun pami yo yon teknisyen son ak responsab kat pèseverans legliz la.


Pastè Joël Pierre prezante senpati l bay kominote a ki frape pa dram sa a. Reveran an eksprime tristès li pandan li pwofite ankouraje chak manm legliz la pou rete soude. Menmsi li rete kwè dram sa a kite yon gou amè nan vi ministeryèl li.


Ekip konekte M nan voye tout senpati l ak kominote Eglise Union Baptiste Nazon an ak fanmi pwòch, zanmi 5 moun ki mouri yo. Nou priye pou BonDye konsole ak ankouraje kominote sila a.

Commenti

Valutazione 0 stelle su 5.
Non ci sono ancora valutazioni

Aggiungi una valutazione
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page