top of page

Gwo atak sou Liancourt : 2 polisye Pèdi Lavi yo.

Jodi madi 22 Jiyè a, nan mwens pase 48 èdtan, komin Liancourt ki chita nan depatman Latibonit  vin tounen dènye teritwa gang ame pran kontwòl an Ayiti. Daprè enfòmasyon ki konfime, de (2) fanm polisye pèdi lavi yo pandan zak agresyon yo, yon machin blennde Polis Nasyonal Dayiti (PNH) boule, epi plizyè sivil sibi move tretman ak vyolans.


Popilasyon an, ki santi li lage poukont li, ap viv ak kè sote. Moun k ap viv nan zòn nan deklare yo pa wè okenn mezi otorite yo pran pou pwoteje yo ni reprann kontwòl sou komin nan. Pandan Leta parèt demisyone, gang yo kontinye ranfòse pozisyon yo, agrandi kontwòl yo sou nouvo espas.


Sitiyasyon sa a mete ankò yon fwa  limyè sou feblès enstitisyon leta yo ak echèk estrateji sekirite piblik yo fas ak ekspansyon vyolans ame k ap ravaje plizyè rejyon nan peyi a.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page