Guitho Sénat arete pou trafik zam ak minisyon.
- konektem info
- 14 mars
- 1 min de lecture
Guitho Sénat, pwopriyetè otèl "Le Wozo" nan Beladè, arete jedi 13 mas 2025 lan, nan Ench, nan kad yon ankèt sou trafik zam ak minisyon. Dapre lapolis, yo idantifye li kòm destinatè yon kago zam otorite dominiken yo te sezi dènyèman.
Sénat, ki aktif tou nan sektè transpò, ta fè pati yon rezo k ap fè kontrebann ant Repiblik Dominikèn ak Ayiti, sitou nan zòn Beladè. Li nan gadavi nan komisarya Ench lan, pandan y ap tann desizyon lajistis.
Comments