top of page

INAGHEI sispann aktivite an prezansyèl akòz ensekirite.

Fas ak deteryorasyon sitiyasyon sekirite a, administrasyon INAGHEI anonse yon sispansyon tanporè tout aktivite an prezans, apati 13 mas 2025.

Nan yon nòt ofisyèl, Konsèy la esplike desizyon sa a pran pou pwoteje sekirite etidyan, pwofesè ak tout anplwaye yo. Malgre sispansyon sa a, kèk aktivite akademik ap kontinye fèt a distans, epi lòt yo ap relokalize nan espas ki pi an sekirite.  Vis dwayen zafè akademik yo ap gen pou bay plis detay sou orè egzamen yo ak lòt sesyon akademik yo, nan pa twò lontan.


Dwayen Thadal Étienne mete aksan sou rezistans kominote inivèsite a fas ak defi sekiritè yo, epi lanse apèl pou tout moun rete mobilize pou asire kontinite aprantisaj la. Konsèy Dikanal la remèsye tout manm INAGHEI yo pou konpreyansyon ak kolaborasyon yo pandan peryòd difisil sa a epi ankouraje yo suiv direktiv otorite akademik yo, pou bon jan sipèvizyon ak adaptasyon ak nouvo dispozisyon yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page