top of page

Gang Ame atake Komin Kenscoff.

Kenscoff, yon komin ki gen gwo enpòtans estratejik, sibi yon atak vyolan, jodi lendi 27 janvye 2025 lan, kote bandi  ame atake lokalite Godè ak Belo an patikilye. Dapre ansyen depite Alfredo Antoine, ki te fè yon entèvansyon piblik, li te deja avèti Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé sou danje k ap ogmante nan zòn nan. Antoine fè konnen bandi yo gen entansyon vize twa lokalite estratejik, ki ka louvri yon aksè dirèk sou Petyonvil.


Pou fè fas ak kriz sa a, Lionel Lazarre, pòtpawòl adjwen Polis Nasyonal la, anonse deplwaman ajan inite espesyal yo pou ranfòse fòs lokal yo. Otorite yo mande popilasyon an pou rete kalm ak vijilan, pandan polis la ap travay pou bloke asayan yo ki kache nan zòn forè yo.


Kriz sa a make yon etap enpòtan nan jefò pou estabilize zòn nan epi evite yon eskalasyon vyolans nan tèt kapital la. Mobilizasyon an vize mete sekirite nan komin nan ak pwoteje aksè estratejik yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page